Skip to product information
1 of 1

Lets Empower

Online Instructor Training - LETS Training Program Creole

Online Instructor Training - LETS Training Program Creole

Regular price $499.00 USD
Regular price Sale price $499.00 USD
Sale Sold out
1. Pati prensipal

Kijan pou vini yon Enstriktè Sètifye LETS

Yon enstriktè ap gen pou l ede kominote yo jwenn edikasyon sou sante règ ki retabli diyite, ranfòse fanmi yo, epi diminye risk eksplwatasyon.

Fòmasyon an disponib an anglè ak panyòl. Tout materyèl pou enstriktè yo (manyèl, tablo, prezantasyon, fèy distribisyon, kalandriye) deja tradui an kreyòl Ayisyen. Yon tradiksyon an Bangla ap disponib byento.

[Kòmanse Fòmasyon ou Jodi a]


2. Pou kiyès pwogram sa fèt? (Enstriktè Ideyal)

Pwogram sa fèt pou òganizasyon ak lidè atravè lemond k ap sèvi kominote an anglè, panyòl, oswa kreyòl Ayisyen. Li ka fasilman entegre nan: lekòl, klinik, ONG, gwoup kominotè, òganizasyon relijye, edikatif oswa imanitè ki ki pare pou pote chanjman nan kominote yo.

Ki moun fomasyon sa vize?

  • Yon pwofesè, ajan sante, misyonè, lidè legliz oswa kominote k ap chèche zouti pou kreye enpak ki dire.
  • Yon pwofesyonèl imanitè oswa ONG k ap travay nan sante repwodiktif, byennèt oswa edikasyon prevantif.
  • Yon fanm chay, moun k ap pran swen, oswa mantò (mentor) k ap prepare fanmi ak jèn yo ak konesans ki pwoteje epi ki bay pouvwa.
  • Yon moun ki gen pasyon pou anseye edikasyon sou règ ak sante nan kominote ki pa gen anpil resous.

Pou sa ou pa bezwen eksperyans anseyman. Fòmasyon an ap ba ou tout sa ou bezwen pou kòmanse avèk konfyans ak sipò.


3. Poukisa LETS esansyèl?

Nan mond lan, timoun fèt nan fanmi ki pa gen konesans oswa resous pou pran swen yo. Sa kreye yon sik lamizè, abi, ak komès moun. LETS kraze sik sa a atravè edikasyon senp, aksesib ak pratik sou sante repwodiktif ak byennèt.

Dekalaj nan Edikasyon

LETS ap konble youn nan pi gwo mank nan sistèm edikasyon mondyal la.
Kourikoulòm nan fèt kòm yon nivo debaz, fasil pou konprann, e li fèt pou moun ki pa janm gen aksè ak edikasyon sou sante repwodiktif oswa byennèt.

Plis pase yon Kalandriye

Fomasyon sila a ap ba nou aksè ak:
Yon braslè LETS Lunar Essential Tracker System, chak grenn nan braslè sila a reprezante yon jou nan sik règ la, ak yon chanjman vizib ki make fenèt fètil la. Se yon mwayen ki  fasil pou sonje, fasil pou itilize, ki baze sou Metòd Jou Nòmal (jiska 95% efikasite avèk sipò patnè).

Men koman done sou teren konfime efikasite braslè sila a:

1-Enpak Mezire
82% elèv nan Ayiti aprann pou premye fwa sou kò yo ak sou sik yo nan yon klas LETS.

94% patisipan sèvi ak braslè a pou evite gwosès.

98% elèv pa t vin ansent pandan yo sèvi ak braslè a ansanm ak pwogram nan.

Plis pase 30,000 elèv fòme nan 8 peyi, nan plis pase 980 klas.


2- Rezilta yo:
Mwens gwosès ki pa planifye

Plis jèn ki rete lekòl

Mwens risk abi ak trafik moun

Pi bon kominikasyon nan fanmi

Pi gwo kowòdinasyon pou aksyon kominotè

3- Prezans Mondyal
Gen pwogram ak patenarya aktif nan Ayiti, Bangladesh, Kolonbi, ak Tanzani, ak yon prezans k ap grandi nan Lafrik, Amerik Santral ak Sid, ak Etazini. Materyèl LETS ka tradui epi adapte pou diferan kilti.


4. Sa ou pral jwenn kòm enstriktè

Lè ou vin yon Enstriktè Sètifye LETS, ou resevwa:
  • Fòmasyon konplè sou entènèt (an anglè oswa panyòl) ak materyèl pou enstriktè yo an kreyòl.
  • Zouti pedagojik dijital: manyèl, tablo, prezantasyon, fèy distribisyon, kalandriye (ak opsyon pou achte vèsyon enprime).
  • Rabè espesyal sou braslè LETS (jiska 70% pi ba pase pri magazen) pou distribisyon kominotè.
  • Sètifika siksè ki valide kapasite ou.
  • Aksè nan yon fowòm mondyal pou koneksyon, sipò ak echanj ak lòt enstriktè.
  • Konsèy pratik sou anseyman ak lidèchip dirèk nan men ekip LETS.
  • Opsyon fòmasyon pèsonalize oswa sipò lansman avèk pèsonèl LETS.
  • Koneksyon ak yon rezo mondyal enstriktè ak defansè k ap pote chanjman reyèl.

5. Sa ki inkli nan fòmasyon an

Lè ou enskri, ou resevwa tout bagay ou bezwen pou mete pwogram nan an plas:

  • Fòmasyon konplè sou entènèt (chwazi an anglè oswa panyòl).
  • Zouti dijital pou anseye: manyèl enstriktè, tablo, prezantasyon, fèy distribisyon, kalandriye.
  • Tradiksyon an kreyòl ayisyen pou tout materyèl yo.
  • Zouti pou òganizasyon ak swivi evalyasyon atravè Fòm Google (anvan kou a, apre 3 mwa, epi apre 1 ane).
  • Sètifika siksè apre validasyon.
  • Aksè imedya pou telechaje tout resous yo, ak opsyon pou achte materyèl enprime (pa grenn oswa pa pake).

6. Rezime Mòdil Kou yo

Pwogram LETS la gen 6 leson entèaktif, ki adapte pou elèv depi 9 van rive granmoun:

  • Leson 1: Fòmasyon Esansyèl sou Repwodiksyon ak Jesyon Sante
Sistèm repwodiktif fi/gason, pibèté, gwosès, enfètilite, sik règ, kontrasepsyon, abstinans (jan sa fèt pou respekte), relasyon ki baze sou respè. Entwodiksyon ak Braslè LETS kòm zouti pou swiv sik la.

  • Leson 2: Revizyon sou Leson 1
Revizyon, kesyon-repons, ak aktivite pou pratike. Itilizasyon braslè a oswa kalandriye règ kòm metòd aprantisaj.

  • Leson 3: Bon Sante Fizik
Lwa Sante yo: nitrisyon, dijesyon, ijyèn, idratasyon, repo, solèy, egzèsis, respirasyon. Konpetans pou yon vi an sante.

  • Leson 4: Bon Sante Mantal
Sante mantal, fikse objektif, rezoud pwoblèm, jesyon estrès, devlope rezilyans ak konsantrasyon.

  • Leson 5: Bon Sante Espirityèl
Objektif lavi, lajwa, rediksyon estrès, renmen tèt ou, ak akseptasyon. Fòmasyon pou lapè enteryè ak ekilib.

  • Leson 6: Yon Anviwònman an Sante
Responsablite nan kay, kominote, ak planèt la: jesyon fatra, sanitasyon, pwoteksyon anviwònman.


Metodoloji:

Leson yo entèaktif, ak aktivite pratik ak repetisyon pou bon konpreyansyon.

Fòmasyon an ouvè pou fi, gason, koup, ak paran ak pitit yo ansanm, pou ankouraje responsabilite pataje ak chanjman kolektif.

7. Prezans Mondyal

Pwogram LETS la deja gen yon enpak atravè plizyè peyi, gras ak adaptabilite nan diferan kilti ak lang:

  • Pwogram aktif ak patenarya an Ayiti, Bangladesh, Kolonbi, Tanzani.

  • Prezans k ap grandi nan Lafrik, Amerik Santral ak Sid, Repiblik Dominikèn, ak Etazini.

  • Materyèl fleksib, ki tradui epi adapte pou kilti ak lang diferan.

  • Santèn tifi, koup, ak fanmi deja resevwa fòmasyon atravè lidè lokal ak patnè kominotè yo.

  • Kolaborasyon ak lekòl, klinik, fanmsaj, legliz, ak sant kominotè.

  • Atravè rezo sa yo, enstriktè LETS yo rantre nan yon mouvman mondyal ki:

  • Retabli diyite

  • Anpeche trafik moun

  • Ekipe kominote yo ak zouti pou sante dirab ak ranfòsman kapasite

8. Temwayaj

“Mwen remèsye LETS ak tout kè m pou fòmasyon enpòtan sa a. Mwen aprann konesans esansyèl sou sterilite, sik règ, ak fètilite fanm ki pral sèvi m pandan tout lavi m.”
– Patisipan, Ayiti

“Pwogram edikasyon LETS Empower chanje lavi mwen pandan twa dènye ane yo. Mwen sèvi ak braslè a byen, e san li mwen ta ka vin ansent plizyè fwa. Anvan fòmasyon an, mwen te ansent ak dezyèm pitit mwen, men depi lè sa a mwen konte sou braslè a kòm yon metòd natirèl pou evite gwosès. Ni mwen ni konpayon mwen pa gen travay ki estab, se poutèt sa braslè a se yon gwo sipò pou mwen. Li ede m evite avòtman ki danjere epi li ban mwen kontwòl sou sik mwen.”
– Paran, Ayiti

“Mwen konvenki ke nan fen pwogram sa a, mwen pral kapab pran pi bon desizyon sou kesyon fè pitit epi pataje konesans lan ak patnè mwen pou nou ka amelyore nivo lavi nou kòm yon fanmi.”
– Patisipan, Zambia

9. Pri ak Enskripsyon

  • Pri fòmasyon an: $499 pa elèv

  • Rabè pou gwoup: 15% pou 10 elèv oswa plis

  • Avantaj pou enstriktè sètifye: Jiska 70% rabè sou braslè yo pou distribisyon nan kominote

  • Materyèl enstriktè enprime: Disponib pou achte pa grenn oswa pa pake

10. Envitasyon Final

Nan LETS, nou kwè chak moun merite diyite, konesans, ak libète. Lè ou vin yon Enstriktè Sètifye, ou rantre nan yon mouvman ki anpeche soufrans, ki retabli lespwa, epi ki plante grenn restorasyon pou jenerasyon k ap vini yo.

Lè ou anseye yon tifi pou konprann kò li, ou bay tout fanmi an pouvwa.

Lè ou ekipe yon kominote ak zouti pou sante ak byennèt, ou chanje lavni yo.

Fòmasyon ou kòmanse jodi a. Enpak ou ap dire pou tout lavi.

11. Rankontre Enstriktè ou

Kristin Van Wey
Fondatris ak Direktè LETS – imanitè, edikatè ak konferansyè – ak plis pase 36 ane eksperyans nan sante ak byennèt. Travay li rive jwenn dè milye moun atravè lemond avèk apwòch inovatè sou sante repwodiktif, konsyans sou fètilite ak rekiperasyon apre chòk.

Li dirije pwogram nan nan Ayiti, Kolonbi, Uganda, Kenya, Bangladesh, Repiblik Dominikèn, ak Etazini, kote li fòme pwofesyonèl ak lidè kominotè pou bay edikasyon ki anpeche eksplwatasyon epi ki retabli diyite.

Kòm enstriktè ou, Kristin pote ansanm konesans pwofesyonèl ak angajman pèsonèl. Li ekipe ou ak zouti, konfyans ak kapasite pou fè enpak dirab nan kominote ou, pandan w ap rantre nan yon mouvman mondyal restorasyon ak pouvwa.

 

View full details